Pwomèt Mwen by K-Dilak Mesaje A (Ft. Bedjine)
Pwomèt Mwen by K-Dilak Mesaje A (Ft. Bedjine)

Pwomèt Mwen

K-Dilak Mesaje A & Bedjine

Download "Pwomèt Mwen"

Pwomèt Mwen by K-Dilak Mesaje A (Ft. Bedjine)

Release Date
Sat Dec 04 2021
Performed by
K-Dilak Mesaje ABedjine

Pwomèt Mwen Lyrics

M pa nwi pou m ranpe nòmalman pou m mete w kanpe
M pa nwi pou m ret san manje ayay depi vant ou plen
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an, baby, hmm ann redi pou li

M pa nwi pou m mache toutouni, baby, pou kò w kouvri
M pa gen pwoblèm pou m soufri pou w souri
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an, baby, hmm ann redi pou li

Pwomèt mwen avè m w'ap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m w'ap ye ou pap bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m w'ap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m w'ap ye ou pap bay lòt moun triyonfe

Gen sak ban m gwo gagann sa ki blo m aprann
Sa k prezante malè m pou bonè m
Gen sa k fè m pèdi tan m jwe ak santiman m
Fin pwofite m epi yale
M pa ta vle w ban m do lè sa vin chanje
Fò w ta garanti m, baby
Espwa m pa nan dlo si m chwazi fonse pou m swiv lanmou nou
Non non non

Oh, cheri, mwen tou m pa geri hm hm
Anpil kou, baby
Ann redi pou li, ann redi pou li
Ann redi pou lanmou nou an, baby, hmm ann redi pou li

Pwomèt mwen avè m w'ap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m w'ap ye ou pap bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m w'ap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m w'ap ye ou pap bay lòt moun triyonfe

K-Dilak, Bedjine
Chak fwa nou choute nou toujou fè gòl

M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou son lòt moun ki jwaye

Kou pye bwa ann fleri ansanm
Menm si l ta fè nwa ann fè jou ansanm
Pou n ka kreye tout sa n te reve, tout sa n te reve
Fò w ta kenbe m si m ta kibilte si w wè m ta bwete

Pa kite m tonbe
Oh non baby, baby, baby, baby
Pa kite m tonbe
Oh non baby, baby, baby, baby

M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou son lòt moun ki jwaye

M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou
Apre pou se mwen k nwaye
M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou
Apre pou son lòt moun ki jwaye

Pwomèt mwen avè m w'ap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m w'ap ye ou pap bay lòt moun triyonfe
Pwomèt mwen avè m w'ap ye lè moman siksè rive
Fò w pwomet mwen avè m w'ap ye ou pap bay lòt moun triyonfe

Pwomèt Mwen Q&A

Who wrote Pwomèt Mwen's ?

Pwomèt Mwen was written by Bedjine & K-Dilak Mesaje A.

When did K-Dilak Mesaje A release Pwomèt Mwen?

K-Dilak Mesaje A released Pwomèt Mwen on Sat Dec 04 2021.

Your Gateway to High-Quality MP3, FLAC and Lyrics
DownloadMP3FLAC.com