24 È Tan Pou Viv by Wyclef Jean
24 È Tan Pou Viv by Wyclef Jean

24 È Tan Pou Viv

Wyclef Jean * Track #3 On Welcome to Haiti: Creole 101

Download "24 È Tan Pou Viv"

24 È Tan Pou Viv by Wyclef Jean

Release Date
Tue Oct 05 2004
Performed by
Wyclef Jean
Produced by
Jerry Duplessis & Wyclef Jean
Writed by
About

Track #3 off Wyclef Jean’s “Welcome to Haiti: Creole 101”.
This song is written in Haitian Creole and is perhaps the most popular song on the album. The title translates to “24 Hours to Live”.

In this song, Wyclef explains what he would do if he only had 24 hours to live.

The sample used for this...

Read more ⇣

24 È Tan Pou Viv Lyrics

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri…

Yeh
Si'w te gen 24 è tan pou viv
Epi nou konnen'w ta pral mourii (24 è tan)
Kisa'w t'ap fè?
Yo

[Verse 1]
Si m'te gen 24 è tan viv mwen ta pral cheke manmi
Di'l li te fè yon bon travay avèk premye pitit li
Lè yo te rele'm volè, asasin
Li pat janm lage'm
Li te toujou kenbe'm
Bo'l sou fwon tèt li apre sa pran lari
2 zè e demi rele Gerald Duplessis
Di'l, vin chache'm, depoze'm
Kay madanm mwen gade jan l'abiye byen fre
Li di Wyclef an'n al manje nan tap tap
Mwen di mwen pap ka paske demen mwen pap la
Mwen sèlman vin remèsye'w ak tout kè'm
Paske bagay mwen te fè'w pase ou pa menm te dwe rete avè'm
Ou se yon bèl fi
Ou pa bezwen kriye
Depi ou wè m'ale
Ou mèt remarye

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri…

[Chorus] X2
Si'w te gen 24 è tan pou viv
Eske'w ta chante?
Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye?
Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale!)

[Verse 2]
Apre sa mwen soti nan kay lan mwen antre nan machin lan
Pick up cellular an call ti frè'm nan
Allo Farel lè w'ap mache nan lari siviye yo
Yo gen anpil jalouzi
Menm nèg ou wè k'ap touye moun pou ou
Se menm nèg yo k'ap mete zam sou ou
Farel di frè nou Samuel se li menm ki bòs
Mwen tande li du pou'l dòmi apre li te fè yon divòs
Men Bondye a b'al fòs kankou Samson
Men siviye fanm ki vin an demon san pwoteksyon
E pa bliye pwoteje Rosaron
Mwen gen yon zam anba matla a, kote bib la
E nèg k'ap mande kiyès ki Rosaron
Mwen gen 2 sè, se li menm ki bebe an
Lòt lan li pi gran, yo rele'l Melky
Depi li piti l'ap goumen ak gason ak fi
Depi'w derespekte fanmi, w'ap ba'l rezon
Pou li pike'w, li pa care si'l pran prizon
Men ti kouzen'm Renel, kontwole yo
Paske si e pa sa, y'ap touye yo
E di Kifila, Jah, Raymond, Junior, Joshua
Yo pa mafya

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri…

[Chorus] X2
Si'w te gen 24 è tan pou viv
Eske'w ta chante?
Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye?
Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale!)

[Verse 3]
Lè kouzen'm Diana tande m'pral mouri
Rele anbilans, li tonbe pran kriz
Mwen gen in è tan rete nan New York city
Apre sa mwen sipoze avèk Biggie nan paradi
Se lè mwen sonje zanmi mwen Haitian Jack
Si tèlman nou zanmi nou rele tèt nou kouzen lè n'ap fè zak
E m'pa gen bodyguard mwen gen yon gran frè
Que yo rele Big Beast li pa janm pè
E nou pa janm pè
Mwen tande moun ap kriye
Mwen gade mont lan, lè a rive
Chèz tonbe kraze
Fanmi tonbe rele
Se lè ti sè'm lan di leve leve ou t'ap reve 'Clef

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri…

[Chorus] X2
Si'w te gen 24 è tan pou viv
Eske'w ta chante?
Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye?
Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale!)

24 È Tan Pou Viv Q&A

Who produced 24 È Tan Pou Viv's ?

24 È Tan Pou Viv was produced by Jerry Duplessis & Wyclef Jean.

When did Wyclef Jean release 24 È Tan Pou Viv?

Wyclef Jean released 24 È Tan Pou Viv on Tue Oct 05 2004.

Your Gateway to High-Quality MP3, FLAC and Lyrics
DownloadMP3FLAC.com